SOPHONIE
1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a.
2 “Mwen va retire tout bagay nèt sou fas tè a”, deklare SENYÈ a.[a] 3 Mwen va retire ni [b]lòm, ni bèt. Mwen va retire [c]zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, ansanm ak pil fatra yo ak moun mechan yo. Mwen va koupe retire lòm soti sou fas tè a, deklare SENYÈ a. 4 Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va [d]koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout [e]prèt zidòl yo, 5 sila ki adore sou [f]twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, fè sèman pa [g]Milcom, 6 sila ki te [h]vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki [i]pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.”
7 [j]Fè silans devan Senyè BONDYE a! Paske [k]jou SENYÈ a pre rive. Paske Bondye te prepare yon sakrifis. Li te konsakre envite Li yo. 8 Li va vin rive nan jou sakrifis SENYÈ a, ke mwen va [l]pini prens yo, fis a wa yo, ak tout sila ki abiye ak [m]vètman etranje yo. 9 Mwen va pini nan jou sa a tout sila ki sote anlè papòt tanp yo, ki plen kay mèt yo ak vyolans ak desepsyon.[n]
10 Nan jou sa a, deklare SENYÈ a, va gen son a yon gwo kri soti nan [o]Pòtay Pwason an, yon kri: “Anmwey” soti nan [p]dezyèm katye a, ak yon gwo bri eklatman soti nan kolin yo. 11 Rele “Anmwey!”, O nou menm k ap viv Macthesch. Paske tout pèp [q]Canaran an va pe bouch yo nèt. Tout sila ki chaje avèk ajan yo va vin koupe retire nèt. 12 Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki [r]deside sou sa yo fin bwe, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a [s]p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!” 13 Konsa, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste. Wi, yo va [t]bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo.
14 Pre rive se [u]gran [v]jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè. 15 Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou [w]gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou [x]tenèb ak dekourajman, youn jou nwaj yo ak gwo fènwa a. 16 Yon jou [y]twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo. 17 Mwen va mennen [z]gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache [aa]tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt. 18 Ni [bb]ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men [cc]tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.
Sophonie 2 ->