1 Pwofesi pawòl SENYÈ a konsènan Israël la. Konsa pale SENYÈ ki etann syèl yo a, ki poze fondasyon latè yo, e ki [a]kreye lespri a lòm nan anndan l lan. 2 “Gade byen, Mwen ap fè Jérusalem vin yon tas ki va fè tout pèp ki antoure l yo, vin toudi. Epi nan lè syèj la kont Jérusalem nan, li va vin osi, kont [b]Juda. 3 Li va vin rive nan jou sa a, ke Mwen va fè Jérusalem vin yon [c]wòch ki lou pou tout pèp yo. Tout ki vin leve l va vin blese grav. Epi tout nasyon latè yo va rasanble ansanm kont li. 4 Nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Mwen va frape tout cheval yo pou l dezoryante, e chevalye yo avèk foli. Men Mwen va ouvri zye Mwen sou lakay Juda, pandan Mwen ap frape tout cheval a pèp nasyon yo, pou yo vin avèg. 5 Konsa, tout chèf a Juda yo, va di nan kè yo: ‘Moun ki rete Jérusalem yo se fòs mwen nan SENYÈ dèzame yo, Bondye pa yo a.’
6 Nan jou sa a, Mwen va fè chèf Juda yo vin tankou yon gwo boukan dife pami mòso bwa yo, ak yon tòch k ap fè flanm dife pami pakèt sereyal yo. Yo va devore tout pèp ki ozanviwon yo, ni sou men dwat yo, ni sou men goch yo, pandan [d]sila ki rete Jérusalem yo, va toujou demere nan pwòp lye pa yo Jérusalem.
7 SENYÈ a va osi [e]sove anpremye tant a Juda yo, pou glwa kay David la, e glwa a sila ki viv rete Jérusalem, p ap depase Juda. 8 Nan jou sa a, SENYÈ a va [f]defann moun Jérusalem yo. Sila ki fèb pami yo nan jou sa a va tankou David, e kay David la va tankou Bondye, tankou [g]zanj SENYÈ a devan yo. 9 Epi nan jou sa a, Mwen va [h]kòmanse detwi tout nasyon ki vini kont Jérusalem yo.
10 Epi Mwen va [i]vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te [j]pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li. 11 Nan jou sa a, va gen [k]gwo doulè Jérusalem, tankou fè dèy pou Hadadrimmon nan vale Meguiddon an. 12 Peyi a va kriye, chak fanmi apa; fanmi lakay David la, apa, e madanm yo, apa; fanmi lakay Nathan an, apa, e madanm yo apa; 13 fanmi lakay Levi, apa, e madanm yo, apa; fanmi a Schimeï yo, apa, e madanm yo, apa; 14 tout fanmi ki rete yo, chak fanmi apa; e madanm yo, apa.
<- Zacharie 11Zacharie 13 ->