Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
10
1 Mande pou [a]lapli ki sòti
nan SENYÈ a nan epòk prentan.
Se SENYÈ a ki [b]fè nwaj tanpèt yo;
epi se Li ki bay lapli lejè a tout
pou jaden plant yo.
2 Paske [c]zidòl lakay yo pale inikite;
[d]divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè,
ke yo repete kòn fo rèv.
Yo bay rekonfò an ven.
Konsa, pèp la mache egare tankou mouton;
yo aflije akoz yo pa gen bèje.
 
3 Kòlè [e]Mwen limen kont bèje yo.
Mwen va pini mal kabrit yo,
paske SENYÈ dèzame yo te [f]vizite
bann mouton li an lakay Juda,
e Li va fè yo vin tankou cheval
majeste Li nan batay la.
4 De li menm, va vin parèt [g]wòch ang lan,
de li menm, pikèt tant lan,
de li menm, banza batay la,
de li menm, tout wa yo ansanm.
5 Yo va tankou mesye pwisan yo,
k ap [h]foule lènmi yo anba pye yo,
nan labou lari a nan batay la.
Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo;
epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye.
 
6 Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va
sove lakay Joseph la, e
mwen va [i]fè yo retounen;
paske Mwen gen [j]konpasyon pou yo.
Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo,
paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo,
e mwen va reponn yo.
7 Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisan
e kè yo va kontan konsi se ak diven.
Anverite, pitit yo va wè sa,
e yo va kontan,
kè yo va rejwi nan SENYÈ a.[k]
8 Mwen va soufle pou yo
pou yo kab vin rasanble yo,
paske Mwen te rachte yo.
Konsa, yo va vin [l]anpil,
[m]jan yo te ye oparavan an.
9 Lè Mwen gaye yo pami lòt pèp yo,
yo va [n]sonje Mwen nan peyi lwen yo.
Yo va viv ak pitit yo,
e yo va retounen.
10 Mwen va mennen yo retounen
soti nan peyi Égypte la,
e rasanble yo soti Assyrie.
Mwen va mennen yo antre nan peyi
[o]Galaad ak Liban jiskaske [p]pa gen espas pou yo.
11 Li va pase nan [q]lanmè afliksyon an,
e Li va frape lanm lanmè yo,
jiskaske tout pwofondè [r] Rivyè Nil lan vin sèch.
Epi ògèy Assyrie va vin bese e
baton Égypte la va sòti.
12 Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a.
Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.[s]

<- Zacharie 9Zacharie 11 ->