Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

ZACHARIE

1 Nan uityèm mwa, dezyèm ane Wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a [a]Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a [b]Iddo a. Li te di: 2 “SENYÈ a te [c]fache anpil anpil avèk zansèt nou yo. 3 Konsa, se pou ou di a yo menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: [d]“Retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ dèzame yo: “Pou M kapab retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ dèzame yo. 4 “Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo [e]pa t koute, ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a.[f] 5 [g]Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi [h]pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan? 6 Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo?

“Konsa yo te repanti, e te di: [i]‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’ ”

7 Nan venn-katriyèm jou nan onzyèm mwa a, ki se mwa Schebat a, nan dezyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te rive kote Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a, konsa: 8 Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon [j]cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo, e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval [k]blan.

9 Konsa, mwen te di: “O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?”

Epi [l]zanj ki t ap pale avèk mwen an, te di mwen: “Mwen va montre ou kisa yo ye.”

10 Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: “Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou fè [m]patwouj sou latè.”

11 Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ, ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: “Nou te fè patwouj sou tè a e gade byen [n]tout tè a kalm. Li gen lapè.” 12 Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, [o] pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan [p]swasann-dis ane sila yo?”

13 SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme.[q] 14 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan, te di mwen: “Se pou ou kriye pou di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Mwen [r]jalou depase pou Jérusalem ak Sion. 15 Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki [s] alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.” 16 Akoz sa, SENYÈ a di konsa: “Mwen ap [t]retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. [u]Kay Mwen an va bati ladann l”, deklare SENYÈ dèzame yo; “ epi yon lign va vin tire sou Jérusalem.” ’

17 “Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: [v]“Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e [w]chwazi Jérusalem ankò.” ’ ”

18 Konsa, Mwen te leve zye m; mwen te gade, e konsa, te gen kat kòn. 19 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye?”

Li te reponn mwen: “Sa yo se [x]kòn ki te gaye Juda, Israël, ak Jérusalem yo.” 20 SENYÈ a te montre mwen kat [y]gwo bòs fòjewon. 21 Mwen te di: “Se kisa sa yo ap vin fè?” Epi li te di: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda yo pou pèsòn pa t leve tèt yo. Men bòs fòjewon sila yo ki te vini pou teworize yo, pou [z]fonn kòn a nasyon ki te leve kòn yo kont peyi Juda pou te gaye li a.”

Zacharie 2 ->