1 Raple yo [a]pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, e[b]prè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou [c]pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.
3 [d]Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan [e]twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
4 Men lè [f]bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, [g]pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 [h]ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin [i]eritye selon esperans a lavi etènèl la.
8 Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou [j]angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.
9 Men [k]evite [l]konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.
10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman [m]rejte yon nonm [n]k ap mete divizyon. 11 Byen konnen ke yon moun konsa [o]pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.
12 Lè mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou [p]fè tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.
13 Byen vit, voye avoka a, Zénas ak [q]Apollos nan wout yo pou yo pa manke anyen.
14 Moun pa nou yo dwe osi aprann [r]angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke [s]bay fwi.
15 Tout sila ki avè m yo salye ou. Salye sila ki renmen nou [t]nan lafwa yo. [u]Ke lagras avèk nou tout.
<- Tite 2