Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a [a]bon doktrin nan.

2 Mesye nan laj avanse yo dwe [b]tanpere, dign, rezonab [c]solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.

3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo [d]pa nan fè medizans, ni [e]vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, [f]fè travay lakay yo, janti, [g]soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.

6 Menm jan an, ankouraje [h]jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye. 7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm [i]yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou [j]sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.

9 Ankouraje [k]esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon, 10 pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin [l]Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.

11 Paske lagras Bondye [m]gen tan parèt, e [n]pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak [o]dezi mond lan pou [p]viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a [q]gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te [r]bay tèt Li pou nou, pou [s]rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.

15 Pale, [t]egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.

<- Tite 1Tite 3 ->