Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

TITE

1 Paul, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, e yon apot Jésus Kri, pou lafwa a sila ki te chwazi pa Bondye yo, ak [a]konesans verite ki [b]an akò avèk vi sentete a, 2 nan [c]espwa lavi etènèl la, ke Bondye, ki pa kapab bay manti a, te pwomèt depi nan tan ansyen yo. 3 Men [d]nan tan konvenab la, pawòl Li te manifeste, ak mesaj sila a ki te konfye m nan, selon kòmandman a [e]Bondye a, Sovè nou an, 4 a Tite [f]vrè pitit mwen nan yon lafwa ke nou [g]pataje ansanm: Lagras ak lapè Bondye, Papa a, ak Kris Jésus, sovè nou an.

5 Pou rezon sa a, mwen te kite ou Crète, pou ou ta kapab mete nan lòd bagay ki potko fèt yo, e [h]chwazi ansyen yo nan chak vil selon jan mwen te dirije ou a.

6 Kidonk, [i]si yon nonm san repwòch, mari a yon sèl fanm, ki gen pitit ki kwayan, e ki pa akize de dezòd ak rebelyon.

7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm [j]jeran zafè a Bondye, pa [k]awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp; 8 men [l]emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li, 9 ki [m]kenbe fèm a pawòl lafwa a ki gen akò avèk ansèyman an, pou li kapab egzòte nan bon doktrin nan, e demanti sila ki kontredi l yo.

10 Paske gen anpil [n]moun rebèl [o]moun k ap pale pawòl anven ak moun k ap twonpe moun, sitou sila sikonsizyon yo, 11 ki dwe rete an silans paske y ap boulvèse [p]tout kay yo nèt, nan enstwi [q]bagay ke yo pa ta dwe enstwi, pou koz a kòb ki sal.

12 Youn nan yo, yon pwofèt de pèp yo menm te di: [r]“Moun Crète yo se toujou mantè yo ye, bèt mechan, parese ki manje twòp”. 13 Temwayaj sa a vrè. Pou rezon sa a [s]repwoche yo sevèman pou yo kapab vin solid nan lafwa, 14 pa nan prete atansyon a [t]vye istwa Jwif yo, ak kòmandman a lèzòm ki vire kite verite a.

15 Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men [u]pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye. 16 [v]Yo di yo konnen Bondye, men ak zèv pa yo, yo nye Li. Konsa, yo vin detestab, dezobeyisan, e san valè pou okenn bon zèv.

Tite 2 ->