Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
6
Lòt yo
1 [a]“Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo?
Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?”
 
Jenn Fi a
2 Cheri mwen an te desann nan jaden li an,
nan kabann ki fèt ak fèy awomatik,
pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo,
pou ranmase flè [b]lis.
3 Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen;
sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
 
Salomon
4 Ou bèl, cheri mwen an, tankou [c]Thirtsa;
bèl tankou Jérusalem,
mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.
5 Vire zye ou! Pa gade m!
Paske zye ou fè m egare.
[d]Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad.
6 [e]Dan ou tankou yon bann mouton
ki fenk monte sot benyen.
Yo tout ki pòtre marasa.
Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit.
7 [f]De bò figi ou tankou yon tranch grenad
dèyè vwal ou.
 
8 Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin,
e [g]jèn fi menm pa kab konte;
9 Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik;
li se sèl fi a manman li.
Fi san tach a sila ki te pote li a.
[h]Jenn fi yo te wè l e te rele l beni;
ni rèn ni konkibin yo.
Yo te louwe l pou di:
 
10 Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a,
bèl tankou plèn lin nan,
san tach tankou [i]solèy la,
e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?
 
11 Mwen te desann nan chan bwa nwa yo
pou wè bwa vèt yo nan vale a;
pou wè si chan rezen fin fè boujon,
oswa [j]grenad yo te fleri.
12 Avan mwen te menm konnen,
dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an.
 
Lòt Yo
13 Retounen, retounen, O Silamit lan;
[k]retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou!
 
Salomon
Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?

<- Kantik A Kantik Yo 5Kantik A Kantik Yo 7 ->