4
Salomon
1 A la ou bèl, cheri mwen an, a la ou bèl!
[a]Zye ou tankou toutrèl dèyè vwal ou;
cheve ou tankou yon bann kabrit
ki fin desann sòti Mòn Galaad.
2 [b]Dan ou tankou yon bann mouton
ak lenn fenk taye ki sot benyen.
Yo tout fè pòtre jimo yo,
ni youn nan yo pa pèdi pitit li.
3 Lèv ou tankou [c]fisèl wouj
e bouch ou tèlman bèl.
De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou.
4 [d]Kou ou tankou fò David la,
bati ak wòch byen ranje sou sila yo mete mil boukliye yo,
tout boukliye won a mesye pwisan yo.
5 [e]De tete ou tankou de jèn ti antilòp;
jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo.
6 [f]Jiskaske jou a bese pou l vin fre
e lonbraj yo vin disparèt,
mwen va trase chemen mwen rive nan mòn
fèy bazilik la, ak nan kolin lansan an.
7 [g]Ou fin bèl nèt, cheri mwen an,
e nanpwen defo nan ou.
8 Vin avè m soti [h]Liban, fi maryaj mwen an;
m bezwen ou vini avè m sòti Liban.
Vwayaje desann soti nan wo pwent Amana,
soti nan wo pwent Mòn Senir ak Hermon;
soti nan kav lyon yo, nan mòn a leyopa yo.
9 Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an;
ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout,
ak yon sèl bout fisèl nan [i]kolye ou.
10 [j]A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an,
fi a maryaj mwen an!
A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven
e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!
11 Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl;
siwo myèl ak lèt anba lang ou.
Bon odè vètman ou tankou [k]bon odè Liban an.
12 Yon jaden fèmen ak kle se sè mwen,
fi a maryaj mwen;
yon jaden wòch ki fèmen,
yon fontèn dlo ki [l]ansèkle.
13 Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad,
ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm;
14 ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl,
ak tout bwa lansan yo, [m]lami ak lalwa,
ansanm ak tout meyè kalite epis yo.
15 Ou menm se yon sous jaden,
yon pwi [n]dlo fre ak ti ravin dlo k ap kouri soti Liban.
Jenn Fi an
16 Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid!
Fè jaden mwen respire ak souf bon odè;
kite epis li yo vante gaye toupatou.
Ke cheri mwen an vin nan jaden li an