KANTIK A KANTIK YO
1 Kantik A [a]Kantik Yo, ki ekri pa Salomon.
Jenn Fi a
2 Kite l bo m ak bo bouch li!
Paske [b]lanmou ou bon pase diven.
3 Lwil pafen ou yo santi bon.
[c]Non ou menm se tankou lwil kap vide;
se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.
4 Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm!
Wa a mennen m nan chanm li yo.
Lòt Yo
[d]“Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan;
nou va leve lanmou ou wo plis pase diven.
Jenn Fi a
Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”
5 Mwen menm, mwen nwa; men mwen byen bèl,
O fi a Jérusalem yo, tankou tant [e]Kédar yo,
tankou rido a Salomon yo.
6 Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa;
solèy la brile m konsa.
[f]Fis a manman m yo te byen fache avè m;
Yo te fè m gadyen chan rezen yo.
Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.
7 Pale mwen, ou menm nan
ke nanm mwen tèlman renmen;
ki kote ou fè patiraj twoupo ou a?
Ki kote ou konn fè l kouche a midi?
Paske poukisa mwen ta tankou yon moun
ki vwale figi li nan kote twoupo [g]zanmi ou yo?
Salomon
8 Si ou menm, ou pa konnen,
O [h]pi bèl pami tout fanm yo;
janbe swiv wout twoupo a,
e fè patiraj pou jenn kabrit ou yo
akote tant bèje ou yo.
9 Pou mwen, cheri mwen an,
ou tankou [i] pi bèl poulich
pami sa kap rale cha Farawon an.
10 Bò figi ou byen bèl ak zanno,
kou ou ak [j]bèl kolye.
Lòt Yo
11 Nou va fè pou ou dekorasyon an lò
anbeli ak pwent an ajan tou won.
Jenn Fi a
12 Pandan wa a te sou tab li,
[k]pafen mwen te rive kote l ak bèl odè.
13 Sila ke m renmen an se yon pòch pafen;
[l]fèy bazilik ki pase tout nwit lan antre tete mwen.
14 Cheri mwen an se yon grap flè jasmen
byen plase nan chan rezen [m]En-Guédi yo.
Salomon
15 “Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl!
[n]Zye ou tankou toutrèl yo.”
Jenn Fi Lan
16 Gade jan ou bèl e byen agreyab, [o]cheri mwen an;
anverite, se zèb vèt kap fè kabann nou.
Salomon
17 Pilye kay nou se [p]bwa sèd