1 Alò Naomi, bèlmè li a te di l: “Fi mwen, èske m pa dwe chache sekirite pou ou, pou sa kapab ale byen pou ou? 2 Alò èske Boaz avèk sèvant li kote ou te ye yo, èske se pa pwòch [a]fanmi pa nou? Gade byen, l ap vannen lòj nan glasi a aswè a. 3 Pou sa, lave kò ou, onksyone ou e mete pi bèl rad ou yo pou desann nan glasi vannen an. Men pa fè nonm nan konnen kilès ou ye jiskaske li fin manje ak bwè. 4 Li va rive ke lè li fin kouche, ke ou va remake byen kote li kouche a, epi ou va ale dekouvri pye li e kouche la. Konsa li va di ou kisa pou w fè.”
5 Epi li te di li: [b]“Tout sa ou di m fè, mwen va fè l.” 6 Konsa, li te desann kote glasi vannen an pou te fè selon tout sa ke bèlmè li te kòmande li yo. 7 Lè Boaz te fin manje ak bwè, [c]kè l te kontan. Konsa li te ale kouche nan pwent pil lòj la, e Ruth te vin kote li an sekrè. Konsa, li te dekouvri pye li pou te kouche la. 8 Li te vin rive nan mitan nwit lan ke nonm nan te sibitman sanse yon bagay, epi lè l panche devan an, men yon fanm te kouche la nan pye li. 9 Li te di: “Kilès ou ye?”
10 Epi li te di: [d]“Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, fi mwen. Ou te montre dènye favè ou a pi bèl pase premye a! Konsa, ke ou pa t kouri dèyè jennonm yo, kit rich, kit pòv. 11 Alò fi mwen, pa pè; mwen va fè pou ou nenpòt sa ke ou mande, paske tout pèp nan vil la konnen ke ou se [e]yon fanm plen kalite. 12 Alò, se vrè ke mwen se yon pwòch fanmi. Men gen yon fanmi pi pre pase m. 13 Rete pou nwit lan e lè maten rive, [f]si li va peye ranson ou, trè byen; kite li peye ranson ou. Men si li pa vle peye ranson ou, alò, kon SENYÈ a viv la, mwen va peye ranson ou! Kouche la jis rive nan maten.”
14 Konsa, li te kouche nan pye li jis rive nan maten e te leve avan youn ta kab rekonèt lòt. Konsa, Boaz te di: [g]“Pa kite li vin konnen ke fanm nan te vini nan glasi vannen an.” 15 Ankò li te di: “Ban mwen manto ki sou ou a e kenbe li.” Konsa, li te kenbe li e li te mezire sis mezi nan lòj la e te poze l sou li. Epi li te lantre nan vil la.
16 Lè li te rive vè bèlmè li, li te di: “Kijan sa te sòti, fi mwen?”
18 Epi li te di: “Tann, fi mwen, jiskaske ou konnen kijan afè sa vin fini, paske nonm nan p ap pran repo jiskaske li fin regle li jodi a menm.”
<- Ruth 2Ruth 4 ->