Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

RUTH

1 Alò li te vin rive nan jou ke jij yo te gouvène yo, te genyen [a]yon gwo grangou nan peyi a. Yon sèten mesye ki sòti [b]Bethléem nan Juda te ale pou demere nan peyi Moab la avèk madanm li ak de fis li yo. 2 Mesye a te rele Élimélec e madanm li, Naomi. Epi non a de fis li yo se te Machlon avèk Kiljon, Efratyen yo, de Bethléhem nan Juda. Alò, yo te [c]antre nan peyi Moab la pou te demere la. 3 Epi Élimélec, mari a Naomi an te mouri. Konsa, se li ki te rete avèk de fis li yo. 4 De fis yo te pran pou kont yo fanm Moabit yo kon madanm yo. Youn nan yo te rele Orpa e lòt la Ruth. Epi yo te viv la pandan anviwon dis ane. 5 Alò Machlon avèk Kiljon te vin mouri osi. Konsa, fanm nan vin pèdi de pitit li yo, ansanm ak mari li. 6 Konsa li te leve avèk bèlfi li pou l ta kab retounen kite Moab. Paske, depi lè li Moab, li tande ke SENYÈ a te [d]vizite pèp li a nan bay yo manje. 7 Konsa, li te pati kote li te ye, de bèlfi li yo te avèk li. Epi yo te fè wout la pou retounen nan peyi Juda. 8 Epi Naomi te di a de bèlfi li yo: “Ale, retounen nou chak lakay manman nou. [e]Ke SENYÈ a kapab aji anvè nou avèk dousè, jan nou te aji avèk sila ki mouri yo e avèk mwen menm tou. 9 Ke SENYÈ a kapab pèmèt nou jwenn repo, nou chak lakay a pwòp mari pa li.”

Alò, li te bo yo, yo te leve vwa yo wo, epi te kriye. 10 Epi yo te di li: “Non, men n ap retounen avè w vè pèp ou a.”

11 Naomi te di yo: “Retounen fi mwen yo. Poukisa nou ta dwe ale avè m? Èske m toujou gen fis nan vant mwen pou yo [f]ta vin mari nou? 12 Retounen fi mwen yo, paske mwen twò vye pou m gen yon mari. Si m te di nou ke m gen espwa, si m ta menm gen yon mari aswè a pou fè fis, 13 Èske konsa nou ta tann jiskaske yo ta grandi? Èske pou sa, nou ta refize marye? Non fi mwen yo, sa fè m trist pou ka nou yo. [g]Paske, men SENYÈ a gen tan parèt kont mwen.”

14 Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li. 15 Li te di: “Veye byen, bèlsè ou te retounen vè pèp li avèk [h]dye li yo. Ale swiv bèlsè ou.”

16 Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. 17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou [i]SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”

18[j]li wè ke li te fin pran desizyon pou ale avè l, li pa t di l anyen ankò.

19 Konsa yo ale ansanm jis rive Bethléhem. Lè yo te rive Bethléhem, [k]tout vil la te boulvèse akoz yo menm. Fanm yo te di: “Se Naomi sa a?” 20 Li te di yo: “Pa rele m Naomi. Rele m Mara, paske [l]Toupwisan an te aji byen anmè avè m. 21 Mwen te sòti plen, men [m]SENYÈ a mennen m tounen vid. Poukisa nou rele m Naomi, konsi SENYÈ a gen tan temwaye kont mwen, e Toupwisan an te aflije mwen?” 22 Konsa Naomi te retounen, epi avèk li, Ruth, Moabit la, bèlfi li ki te retounen soti nan peyi Moab la. Yo te vini Bethléhem [n]nan kòmansman rekòlt lòj la.

Ruth 2 ->