Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Konsa nanpwen okenn [a]kondanasyon pou sila ki nan [b]Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. 3 Paske [c]sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki [d]pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a. 5 Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan [e]tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou [f]tout bagay Lespri yo. 6 [g]Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se [h]lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki [i]nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.

9 Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a [j]rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L. 10 [k]Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye. 11 Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te [l]fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.

12 Konsa, frè m yo, nou pa anba obligasyon lachè a, pou viv selon lachè. 13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap [m]mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. 14 Paske, tout moun [n]ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou [o]pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou [p]te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.

16 Lespri a Li menm [q]temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap [r]eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.

18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a [s]pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi [t]revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te a [u]sibi anba [v]kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke [w]kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap [x]leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen [y]premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an. 24 Paske nou te sove nan espwa, men [z]espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja? 25 Men [aa]si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.

26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men [bb]Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men [cc]Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.

28 Konsa nou konnen ke Bondye fè [dd]tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te [ee]rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te [ff]konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te [gg]jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te [hh]glorifye yo.

31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? [ii]Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki [jj]pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se [kk]Bondye menm ki fè moun jis. 34 Kilès ki k ap kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki [ll]ap entèsede pou nou tou.

35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se [mm]tribilasyon, soufrans [nn]pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

[oo]“Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.
Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

37 Men, nan tout bagay, nou plis ke [pp]venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke [qq]ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de [rr]lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

<- Women Yo 7Women Yo 9 ->