1 Konsa, ki avantaj Jwif la genyen? Oubyen ki benefis sikonsizyon genyen? 2 Anpil nan tout aspè. Premyèman [a]Jwif yo te konfye avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye yo. 3 Answit kisa? Si [b]kèk pa t kwè, enkwayans pa yo p ap chanje fidelite Bondye anvè yo. Se pa sa? 4 Ke sa pa janm fèt! Olye de sa, annou ensiste ke Bondye toujou vrè, malgre tout moun se mantè, jan sa ekri a: [c]“Ke Ou kapab jistifye nan pawòl Ou yo, e Ou kapab gen rezon lè Ou jije.”
5 Men si enjistis nou montre jistis Bondye, kisa nou kapab di? Èske Bondye ki dechennen lakòlè Li a, enjis? [d](M ap pale tankou yon moun)? 6 Ke sa pa janm fèt! Otreman, kòman [e]Bondye va jije lemond? 7 Men si akoz manti pa m [f]verite Bondye a vin parèt jis pou glwa Li, [g]poukisa yo toujou jije m kòm yon pechè? 8 Epi poukisa nou pa di (jan kèk ènmi konn di n ap di a): [h]“Annou fè mal pou byen kapab soti?” Kondanasyon pa yo jis. 9 Kisa answit? Èske nou pi bon pase yo? Paditou! Paske nou deja di ke ni Jwif ni Grèk, toude koupab anba peche. 10 Jan sa ekri a:
19 Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak [o]sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye. 20 Paske [p]pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.
21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè [q]ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske [r]pa gen patipri. 23 Paske tout moun [s] peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo [t]jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon [u]viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.
27 [v]Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a. 28 Paske [w]nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo. 29 Oubyen [x]èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou. 30 Anfèt akoz Bondye [y]ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl.
31 Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou [z]etabli Lalwa a.
<- Women Yo 2Women Yo 4 ->