1 Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès [a]sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi. 2 Ke chak en de nou [b]fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans. 3 Paske [c]menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: [d]“Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.” 4 Paske [e]tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa. 5 Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an [f]kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris: 6 Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a [g]Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri.
7 Konsa [h]aksepte youn lòt, menm jan ke Kris osi te aksepte nou pou laglwa Bondye a. 8 Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a [i]sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo; 9 epi pou pèp etranje yo ta ka bay Bondye glwa pou mizerikòd Li, jan sa ekri a:
10 Li di ankò:
11 Epi ankò:
12 Esaïe di ankò:
13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
14 Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk [n]tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt. 15 Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz [o]gras Bondye ke mwen resevwa a, 16 pou m kapab yon [p]sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou [q]ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an. 17 Konsa, nan Jésus Kri mwen gen tan twouve rezon pou vante tèt mwen nan [r]bagay ki apatyen a Bondye. 18 Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke [s]Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon, 19 nan pouvwa sign ak mirak yo [t]nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la. 20 Se konsa mwen vle preche levanjil la; pa kote ke Kris te deja konnen [u]pou m pa bati sou fondasyon a yon lòt moun, 21 Men jan sa ekri a:
22 Pou rezon sa a byen souvan [w]mwen anpeche vin kote nou. 23 Men koulye a, akoz pa gen lòt andwa pou mwen nan rejyon sa yo, e depi [x]anpil ane mwen anvi vin wè nou, 24 nenpòt lè mwen ale Espagne, mwen espere wè nou pandan m ap pase. Konsa nou kapab [y]ede m fin rive la apre mwen fin [z]rejwi de prezans nou pandan kèk tan. 25 Men koulye a [aa]mwen prale Jérusalem pou [bb]sèvi fidèl yo. 26 Paske legliz yo nan [cc]Macédoine ak Achaïe te kontan fè yon don pou malere yo pami fidèl Jérusalem yo. 27 Wi, yo te kontan fè sa, e yo dwe yo. Paske [dd]si pèp etranje yo gen tan pataje bagay ki soti nan Lespri Bondye a, yo dwe remèt sèvis a yo tou ak bagay materyèl. 28 Konsa, lè m fin fè sa, e [ee]mete so mwen sou fwi sa ki sòti nan yo menm nan, m ap pase bò kote nou nan wout pou m ale Espagne la. 29 Mwen konnen ke [ff]lè m vin kote nou, m ap vini byen ranpli avèk benediksyon a Kris la.
30 Koulye a mwen ankouraje nou, frè m yo, pa Senyè nou an, Jésus Kri e pa [gg]lanmou Lespri a, pou [hh]fè tout efò ansanm avèk mwen nan lapriyè a Bondye pou mwen menm 31 pou mwen kapab delivre anba sila yo nan Juda ki dezobeyisan, e pou [ii]sèvis mwen pou Jérusalem kapab akseptab devan fidèl yo, 32 pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa [jj]volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm. 33 Pou koulye a [kk]ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen.
<- Women Yo 14Women Yo 16 ->- a Wo 14:1
- b I Kwo 9:22
- c II Kwo 8:9
- d Sòm 69:9
- e Wo 4:23
- f Wo 12:16
- g Rev 1:6
- h Wo 14:1
- i Mat 15:24
- j II Sam 22:50
- k Det 32:43
- l Sòm 117:1
- m És 11:10
- n I Kwo 1:5
- o Wo 12:3
- p Trav 9:15
- q Wo 12:1
- r Eb 2:17
- s Trav 15:12
- t Wo 15:13
- u I Kwo 3:10
- v És 52:15
- w Wo 1:13
- x Trav 19:21
- y Trav 15:3
- z Wo 1:12
- aa Trav 19:21
- bb Trav 24:17
- cc Trav 16:9
- dd I Kwo 9:11
- ee Jn 3:33
- ff Trav 19:21
- gg Kol 1:8
- hh I Kwo 1:11
- ii Wo 15:25
- jj Trav 18:21
- kk Wo 16:20