Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou [a]prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa [b]renouvèlman lespri nou, pou nou kapab [c]pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou [d]pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske [e]menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè [f]yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki [g]pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se [h]fè sèvis, nan sèvi moun, si se [i]enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; [j]si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.

9 Se pou nou renmen [k]san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 [l]Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete [m]zele nan lespri nou, ak [n]nan sèvis Senyè a, 12 [o]rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon [p]pèsevere nan lapriyè. 13 [q]Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou [r]pratike ospitalite.

14 [s]Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. 15 [t]Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. [u]Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17 [v]Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou [w]rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: [x]“Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.

20 [y]“Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble moso chabon cho sou tèt li.”

21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.

<- Women Yo 11Women Yo 13 ->