1 Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove. 2 Paske mwen temwaye de yo ke yo [a]gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo. 3 Paske san konesans de [b]ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a. 4 Paske [c]Kris fè lalwa a ranpli pou ladwati de tout sila ki kwè yo.
5 Moïse te ekri ke moun [d]ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. 6 Men [e]ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: [f]“Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou [g]mennen Kris sòti nan lanmò).” 8 Men kisa sa di? [h]“Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke [i]Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: [j]“Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”
12 Paske [k]pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, [l]“Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li [m]si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san [n]yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:
16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: [p]“Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” 17 Konsa lafwa soti nan [q]tande, e tande pa [r]pawòl a Kris la. 18 Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande: