Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Lè Jèn Mouton an te ouvri [a]setyèm so a, te gen silans nan syèl la pandan anviwon demi èdtan.

2 Epi mwen te wè [b]sèt zanj ki kanpe devan Bondye, e yo te resevwa sèt twonpèt.

3 Yon lòt zanj te vin kanpe devan [c]lotèl la. Li te kenbe yon lansanswa an lò. Anpil [d]lansan te bay a li menm pou l ta kab ajoute sou lapriyè a tout sen ki te sou lotèl an lò ki te devan twòn nan. 4 Konsa, [e]lafimen lansan an avèk lapriyè a tout sen yo te sòti nan men a zanj lan pou monte parèt devan Bondye.

5 Zanj lan te pran lansanswa a, li[f]plen li avèk dife lotèl la, e voye l sou tè a. Sa te swiv ak gwo [g]kout tonnè, gwo bri, kout eklè ak yon tranbleman detè. 6 [h]Konsa, sèt zanj ki te gen sèt twonpèt yo te prepare yo pou sone yo.

7 Premye a te sone, epi te vin parèt [i]lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou tè a. Epi yon tyè pati tè a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.

8 Dezyèm zanj lan te sone, e yon bagay tankou yon gwo mòn k ap brile ak dife te jete nan lanmè a. Konsa yon tyè nan [j]lanmè a te tounen san. 9 Yon tyè nan kreyati vivan ki te nan lanmè yo te mouri, e yon tyè nan [k]bato yo te detwi.

10 Twazyèm zanj lan te sone, epi yon gwo zetwal ki t ap brile tankou yon tòch te [l]tonbe soti nan syèl la. Li te tonbe sou yon tyè nan larivyè ak [m]sous dlo yo. 11 Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin [n]anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.

12 Katriyèm zanj lan te sone, epi yon [o]tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.

13 Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan [p]mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: “Malè! Malè! Malè a [q]sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!”

<- Revelasyon 7Revelasyon 9 ->