1 Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe [a]kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.
2 Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap monte soti kote solèy la leve a, avèk [b]so a [c]Bondye vivan an. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa a kat zanj ki te gen pèmisyon pou fè mal a tè a ak lanmè a. 3 Li te di: “Pa fè tè a, lanmè a, oubyen pyebwa yo mal jiskaske nou fin [d]sele sèvitè-atache Bondye nou yo sou [e]fon yo.” 4 Konsa, mwen te tande kantite a sila ki te sele yo, [f]san-karant-kat-mil, sele soti nan chak tribi a fis Israël yo.
9 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan [g]tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e [h]devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo. 10 Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: [i]“Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”
11 Konsa, tout zanj yo te kanpe [j]toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! [k]Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”
13 Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an [l]vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”
14 Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.”