Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Answit, li te montre m yon [a]rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an, 2 nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te [b]pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.

3 [c]P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladann l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. 4 Yo va [d]wè figi Li, e non Li va sou fon yo.

5 Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni [e]limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.

6 Konsa, Li te di mwen: [f]“Pawòl sa yo fidèl e vrè”. Senyè a, Bondye a tout lespri pwofèt yo, te voye zanj Li pou montre sèvitè li yo bagay ki dwe rive nan yon ti tan tou kout.

7 “Gade byen, Mwen ap vini vit. [g]Beni se sila ki prete atansyon a pawòl pwofesi ki nan liv sila a.”

8 Alò, [h]Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, [i]mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.

9 Men, li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de [j]liv sa a. Olye sa, adore Bondye.” 10 Epi li te di mwen: [k]“Pa sele pawòl pwofesi a liv sila a, paske tan an pwòch. 11 [l]Kite sila ki fè mal la, kontinye fè mal. Kite sila ki sal la, kontinye sal. Kite sila ki dwat la, kontinye pratike ladwati. E kite sila ki sen an, kontinye kenbe tèt li sen.

12 “Gade byen, Mwen ap vini vit! [m]Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè. 13 Mwen se Alfa a ak Omega a, [n]premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”

14 Beni se sila ki [o]lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa [p]pòtay yo, antre nan vil la.

15 [q]Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.

16 “Mwen, Jésus, te voye [r]zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”

17 [s]Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini.

18 Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun [t]ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a. 19 Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an [u]ki ekri nan liv sila a.

20 Sila ki temwaye a bagay sa yo di: “Wi, [v]Mwen ap vini vit.”

Amen. Vini, Senyè Jésus.

21 [w]Gras Senyè a Jésus avèk nou tout. Amen.

<- Revelasyon 21