1 Konsa, mwen te wè yon lòt sign nan syèl la, gran e mèvèye: sèt zanj ki te gen [a]sèt fleyo, ki se dènye yo, paske nan yo, kòlè Bondye a fini.
2 Mwen te wè yon bagay tankou [b]lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e moun sila yo [c]ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la. Yo t ap kenbe ap Bondye yo.
3 Konsa, yo te chante [d]chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:
5 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e [g]tanp tabènak temwayaj ki nan syèl la te vin louvri. 6 Konsa, [h]sèt zanj ki te gen sèt fleyo yo te vin sòti nan tanp lan, abiye an lèn san tach e briyan, e yo te antoure lestomak yo avèk senti an lò.
7 Answit, youn nan [i]kat kreyati vivan yo te bay a sèt zanj yo sèt gode an lò, plen ak kòlè Bondye, ki viv pou tout tan e pou tout tan.
8 Epi tanp lan te vin ranpli avèk [j]lafimen laglwa Bondye ak pwisans li. Okenn moun pa t kapab antre nan tanp lan jiskaske sèt fleyo a sèt zanj yo te fini.
<- Revelasyon 14Revelasyon 16 ->