Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon [a]lakansyèl la te sou tèt li. [b]Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.

2 Li te gen nan men l, yon [c]ti liv ki te louvri. Li te plase pye dwat li sou lanmè a e pye goch li sou tè a. 3 Konsa, li te kriye avèk yon gwo vwa, [d]tankou lè yon lyon gwonde. Epi lè l fin kriye fò, sèt kout tonnè yo te reponn ak vwa yo.

4 Lè sèt kout tonnè yo te fin sonnen, [e]mwen te prè pou ekri. Men mwen te tande yon vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sele bagay ke sèt kout tonnè yo te pale a. Pa ekri yo.”

5 Answit, zanj ke m te wè kanpe sou lanmè ak sou tè a, [f]te leve men dwat li vè syèl la, 6 e li te sèmante pa Sila ki vivan pou tout tan e pou tout tan an. [g]Sila ki te kreye syèl la ak bagay ladann yo, tè a ak bagay ladann yo, e lanmè a ak bagay ladann yo, ke p ap gen reta ankò, 7 men nan jou vwa [h]setyèm zanj lan, lè li prè pou sone, alò, [i]mistè a Bondye fini, jan Li te anonse a sèvitè Li yo, menm pwofèt yo.

8 [j]Answit, vwa ke m te tande nan syèl la, mwen te tande li te pale avè m ankò, e t ap di: “Ale pran liv ki ouvri a nan men a zanj ki [k]kanpe sou lanmè a ak sou tè a”.

9 Donk, mwen te ale kote zanj lan, pou di l ban mwen ti liv la. Li te di mwen: [l]“Pran l, e manje l. L ap fè vant ou anmè, men nan bouch ou, l ap dous tankou siwo myèl.”

10 Mwen te pran ti liv la nan men zanj lan, e mwen te manje l. Konsa, nan bouch mwen, li te dous tankou siwo myèl. Lè m te fin manje l, vant mwen te vin anmè.

11 Konsa, yo te di mwen: “Ou oblije pwofetize ankò konsènan [m]anpil pèp, nasyon, lang, ak [n]wa.”

<- Revelasyon 9Revelasyon 11 ->