REVELASYON
1 Revelasyon a Jésus Kri, ke [a]Bondye te bay Li pou [b]montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean, 2 ki te temwaye [c]pawòl Bondye a, ak temwayaj Jésus Kri a, menm a tout sa li te wè yo.
3 [d]Beni se sila ki li e sila ki tande pawòl pwofesi sila yo, e ki prete atansyon a bagay ki ekri ladann yo. [e]Paske tan an pwòch.
4 Jean, a sèt legliz ki an [f]Asie yo: Gras pou nou ak lapè, ki soti nan [g]Sila ki la, ki te la, e ki va vini an; ki soti anplis nan sèt lespri ki devan twòn Li an; 5 e nan Jésus Kri, [h]temwen fidèl la, [i]premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo.
7 [l]Gade byen, l ap vini avèk nwaj yo, e tout zye va wè L, menm sila ki te pèse L yo. Tout tribi sou latè yo va fè gwo lamantasyon sou Li. Se konsa l ap fèt. Amen.
8 “Mwen se [m]Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”
9 Mwen, Jean, frè nou, ki [n]patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak [o]pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.
10 Mwen te [p]nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa [q]tankou son a yon twonpèt, 11 ki t ap di: [r]“Ekri nan yon liv sa ou wè a, e voye l nan sèt legliz yo; nan Éphèse, Smyrne, Pergame, Thyatire, Sardes, Philadelphie ak Laodicée.”
12 Alò, mwen te vire pou wè vwa ki t ap pale avè m nan. Epi nan vire, mwen te wè [s]sèt chandelye ki fèt an lò. 13 Nan mitan chandelye yo, mwen te wè yon moun tankou yon fis a lòm, abiye nan yon wòb ki rive jis nan pye, e mare lestonmak li ak yon sentiwon an lò. 14 Tèt Li ak cheve Li te blan tankou lèn blanch, tankou lanèj. [t]Zye li te tankou yon flanm dife. 15 [u]Pye Li te tankou bwonz cho lè l chofe nan fou, epi vwa l te tankou bri anpil dlo. 16 Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon [v]nepe file de bò te sòti nan bouch Li. [w]Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.
17 Lè m te wè Li, mwen te [x]tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se [y]premye ak dènye a, 18 e [z]Sila ki viv la. [aa]Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.
19 “Konsa, [bb]ekri [cc]bagay ke ou gen tan wè yo, bagay ki la yo, ak bagay ki va rive pi devan an. 20 Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a [dd]sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”
Revelasyon 2 ->- a Jn 17:8
- b Rev 22:6
- c Rev 1:9
- d Luc 11:28
- e Rev 22:10
- f Trav 2:9
- g Rev 1:8
- h Rev 3:14
- i I Kor 15:20
- j Rev 5:10
- k Wo 15:6
- l Dan 7:13
- m Rev 21:6
- n Trav 14:22
- o I Tes 3:5
- p Mat 22:43
- q Rev 4:1
- r Rev 1:19
- s Egz 25:37
- t Dan 7:9
- u Esd 1:7
- v És 49:2
- w Mat 17:2
- x Dan 8:17
- y És 44:6
- z Luc 24:5
- aa Rev 2:8
- bb Rev 1:11
- cc Rev 1:12-16
- dd Rev 1:4-11