Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
99
1 SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble.
Li [a] plase twòn Li an anwo cheriben yo.
Kite latè pran tranble!
2 SENYÈ a gran nan Sion.
Li [b] leve wo anwo tout pèp yo.
3 Kite yo louwe non Ou ki [c] gran e mèvèye;
Se sen ke Li ye.
 
4 Pwisans a Wa a [d] renmen lajistis.
Ou te etabli ekite.
Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob.
5 Leve wo SENYÈ, Bondye nou an!
[e]Adore nan machpye twòn Li an.
Se sen ke Li ye.
 
6 Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e
Samuel te pami sila ki te rele non Li yo.
Yo te [f]rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.
7 Li [g] te pale ak yo nan pilye nwaj la.
Yo te kenbe temwayaj Li yo,
avèk règleman ke Li te bay yo.
8 O SENYÈ, Bondye nou an, Ou te reponn yo.
Ou te pou yo yon Bondye ki padone,
men Ou te pran [h]vanjans sou zak mechan yo.
9 Egzalte SENYÈ, Bondye nou an!
Adore nan mon sen Li an,
paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!

<- Sòm Yo 98Sòm Yo 100 ->