98
Yon Sòm
1 O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy.
Men dwat Li ak [a] bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.
2 SENYÈ a te fè sali Li rekonèt.
Li te [b]devwale ladwati Li pou tout nasyon yo wè.
3 Li te sonje lanmou dous Li a avèk fidelite Li pou lakay Israël.
4 Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè!
Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!
5 Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap,
avèk ap ak [c] vwa melodi a.
6 Avèk [d] twonpèt ak son a kòn.
Rele fò devan Wa a, SENYÈ a.
7 Kite [e] lanmè a fè gwo bri ak tout sa ki ladann,
Lemonn ak tout sa ki rete ladann yo.
8 Kite [f] larivyè yo bat men yo.
Kite mòn yo chante ansanm ak jwa
9 devan SENYÈ a,
paske l ap vini pou jije latè.
Li va jije lemonn ak ladwati Li