Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
97
1 SENYÈ a renye, kite latè rejwi!
Kite tout [a] lil yo fè kè kontan!
2 Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li.
[b] Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.
3 Se [c] dife ki ale devan L pou brile tout
advèsè Li yo toupatou.
4 [d] Loray Li yo klere tout mond lan.
Latè wè e li tranble.
5 Mòn yo [e] fonn tankou lasi devan prezans SENYÈ a,
devan prezans SENYÈ tout latè a.
6 [f] Syèl yo deklare ladwati Li e tout pèp yo te wè glwa Li.
7 Kite tout sila ki sèvi limaj taye yo vin wont,
ki vin ògeye sou zafè [g]zidòl yo.
Adore Li, tout dye yo.
8 Sion te tande sa e [h] te rejwi.
Fi a Sion yo te rejwi akoz jijman Ou, O SENYÈ.
9 Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè.
Ou leve [i] pi wo anpil pase tout dye yo.
10 [j] Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la!
Li pwoteje nanm a fidèl Li yo.
Li delivre yo nan men a mechan yo.
11 Se limyè ki simen kon semans pou moun ladwati yo,
ak [k]kè kontan pou sila ak kè ki dwat yo.
12 Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e
bay remèsiman a non sen Li an.

<- Sòm Yo 96Sòm Yo 98 ->