96
1 Chante a SENYÈ a yon [a] chan tounèf!
Chante a SENYÈ a tout latè a.
2 Chante a SENYÈ a!
Beni non Li!
[b] Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.
3 Pale [c] glwa Li pami nasyon yo,
zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
4 Paske gran se SENYÈ a!
Li merite gran lwanj.
Fòk Li resevwa krentif nou [d]pi wo ke tout dye yo.
5 Paske tout dye a pèp yo se zidòl,
men SENYÈ a te fè syèl yo.
6 [e] Tout bèlte ak majeste devan L.
Pwisans ak bèlte rete nan sanktiyè Li a.
7 Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo,
[f] bay a SENYÈ a glwa ak pwisans.
8 Bay a SENYÈ a [g] glwa a non Li.
Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.
9 Adore SENYÈ a nan abiman ki sen.
[h] Tranble devan L, tout latè a.
10 Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.”
Anverite, mond lan etabli byen solid.
Li p ap ebranle menm.
SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.
11 Kite [i] syèl yo vin kontan e kite latè rejwi.
Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
12 Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo.
Epi tout [j]bwa nan forè yo va chante ak jwa
13 devan SENYÈ a, paske La p vini.
Paske La p vini pou jije latè. [k] Li va jije mond lan