Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
94
1 O SENYÈ, Bondye a [a] vanjans lan,
Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!
2 Vin leve, O [b] Jij sou tè a.
Bay rekonpans a moun ògeye yo.
3 Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ,
pou konbyen de tan [c] mechan yo va leve tèt yo wo?
4 Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy.
Tout moun ki fè mechanste yo [d] vante tèt yo.
5 Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ.
[e]Yo aflije eritaj Ou a.
6 Yo [f] touye vèv yo avèk etranje a.
Yo asasine òfelen yo.
7 [g] Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye
Jacob la p ap okipe sa a.”
8 Veye sa a, nou menm ki [h] ensansib pami pèp la;
Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?
9 Sila ki [i] plante zòrèy la, èske Li pa tande?
Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.
10 Sila ki fè chatiman nasyon yo,
èske Li p ap fè repwòch?
Sila ki [j]enstwi lòm; Li konnen!
11 SENYÈ a [k] konnen panse a lòm,
ke se sèlman yon souf ke yo ye.
12 Beni se nonm ke Ou bay chatiman an,
O SENYÈ,
ke Ou [l] enstwi nan lalwa Ou a,
13 pou Ou kapab bay li sekou nan [m]jou advèsite yo,
jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.
14 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a,
ni Li p ap [n] lage pèp eritaj Li a.
15 Paske [o] jijman an va devni dwat ankò e
tout pèp ladwati yo va swiv li.
16 Se kilès ki va [p] kanpe pou mwen kont malfektè yo?
Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?
17 Si [q] SENYÈ a pa t sekou mwen,
nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.
18 Si mwen ta di: [r] “Pye m glise,”
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.
19 Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,
[s] konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.
20 Èske yon [t] twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou?
Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?
21 Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo,
e [u] kondane inosan yo a lanmò.
22 Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e
Bondye mwen an, [v]wòch ki pwoteje mwen an.
23 Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e
va [w] koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo.
SENYÈ nou an va koupe retire yo.

<- Sòm Yo 93Sòm Yo 95 ->