91
1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan [a]lonbraj Toupwisan an.
2 Mwen va di a SENYÈ a:
“Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.
Se nan Li mwen mete [b]konfyans!”
3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,
ak [c] ravaj gwo maladi yo.
4 Li va [d] kouvri ou ak plim Li yo.
Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.
Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.
5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni [e]flèch k ap vole lajounen,
6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,
ni destriksyon ki devaste a midi.
7 Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,
ak di mil sou men agoch ou,
men [f] sa p ap pwoche ou.
8 Ou va sèlman gade avèk zye ou pou
[g] wè rekonpans a mechan yo.
9 Paske ou te fè SENYÈ a, vin [h] sekou ou,
menm Pi Wo a, kote pou ou rete.
10 [i] Nanpwen mal k ap rive ou,
Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.
11 Paske Li va bay [j] zanj Li yo lòd konsènan ou menm,
pou veye ou nan tout chemen ou yo.
12 Yo va [k] leve ou byen wo nan men yo,
pou ou pa frape pye ou kont wòch.
13 Ou va [l] pile sou lyon an ak koulèv la.
Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.
14 Paske li te renmen M konsa,
pou sa, Mwen va delivre li.
Mwen va [m]mete li byen solid an wo,
akoz li te rekonèt non Mwen.
15 Li va [n] fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.
Mwen va avèk Li nan tan twoub la.
Mwen va delivre li e bay li lonè.
16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,
e kite li wè sali mwen.
<- Sòm Yo 90Sòm Yo 92 ->