Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
87
Yon Sòm a fis a Koré yo; Yon Chan
1 [a] Fondasyon Li nan mòn sen yo.
2 SENYÈ a [b] renmen pòtay Sion yo
plis pase tout lòt abitasyon a Jacob yo.
3 Yo pale sou gran mèvèy ou,
O [c] gran vil Bondye.
Tan
4 Mwen va mete [d] Rahab avèk Babylone
pami sila ki rekonèt Mwen yo.
Men vwala, Philistie, Tyr, avèk Éthiopie:
“Tèl moun te fèt la”.
5 Men selon Sion, li va pale,
“Sa a ak sila a fèt ladann.”
Pi Wo a, Li menm, va [e] etabli Sion.
6 SENYÈ a va konte lè Li [f] anrejistre
tout pèp yo: “Sa a te fèt la”.
Tan
7 Epi sila ki chante ansanm avèk sila ki jwe flit yo va di:
“Tout [g] sous bwote yo, se nan ou”.

<- Sòm Yo 86Sòm Yo 88 ->