Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
82
Yon Sòm Asaph
1 Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a.
Li fè jijman nan mitan [a]dye yo.
2 Pou konbyen de tan nou va jije san jistis,
e [b]montre favè a mechan yo?
 
3 “Fè defans fèb yo ak òfelen yo.
Fè jistis a aflije ak malere yo.
4 [c] Sove fèb yo ak malere yo.
Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”
5 Yo pa konnen ni yo pa konprann.
Yo [d]mache toupatou nan fènwa.
Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.
6 Mwen [e] te di: “Se dye ke nou ye,
e nou tout se fis a Pi Wo a.
7 Sepandan, [f] nou va mouri tankou moun,
e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.”
8 Leve, O Bondye, jije tè a!
Paske se Ou ki [g]posede tout nasyon yo.

<- Sòm Yo 81Sòm Yo 83 ->