Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
81
Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph
1 Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou!
Rele fò ak jwa a [a]Bondye a Jacob la!
2 Leve yon chan, bat [b] tanbouren an,
gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.
3 Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan,
sou plèn lin nan, nan jou [c]fèt nou an.
4 Paske se yon règleman Israël,
yon òdonans a Bondye Jacob la.
5 Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph
lè li te [d] ale toupatou nan peyi Égypte la.
Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.
6 Mwen te retire fado a sou zepòl li.
Men li yo te vin lib panyen an.
7 Ou te [e] rele nan twoub la e Mwen
te fè ou sekou.
Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a.
Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo.
Tan
 
8 Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou.
O Israël, si ou [f] ta koute Mwen!
9 Pa kite okenn dye etranje rete pami nou.
Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.
10 [g] Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an,
ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.
Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li.
11 Men pèp Mwen an [h] pa t koute vwa M.
Ni Israël pa t obeyi Mwen.
12 Akoz sa, Mwen te [i] lage yo a kè di yo,
pou mache nan pwòp manèv yo.
13 O ke pèp Mwen an ta koute Mwen,
ke Israël ta [j] mache nan vwa Mwen yo!
14 Mwen ta [k] soumèt lènmi yo byen vit
e ta vire men m kont advèsè yo.
15 [l] Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm
e pinisyon yo ta pou tout tan.
16 Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk [m] pi bon kalite ble a.
Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.

<- Sòm Yo 80Sòm Yo 82 ->