Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
8
Pou direktè koral la; jwe sou gitia la.
Yon sòm David.
1 O SENYÈ, Senyè nou an,
A la non Ou gran sou tout latè!
Ou te [a]fè parèt klè mayifisans Ou
piwo pase syèl yo!
2 [b]Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo,
Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo,
pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.
3 Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo,
[c]lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,
4 [d]Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?
Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?
5 Malgre, Ou te fè li yon [e]ti kras pi ba pase Bondye,
e te kouwone li ak glwa avèk lonè!
6 Ou fè li regne sou zèv men Ou yo.
Ou [f]te mete tout bagay anba pye li:
7 Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,
8 zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo,
ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.
9 O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.

<- Sòm Yo 7Sòm Yo 9 ->