Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
76
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd
Yon Sòm Asaph, yon Chanson
1 Bondye byen rekonèt nan Juda.
Non Li [a]gran an Israël.
2 Tabènak Li a nan Salem.
[b] Abitasyon Li an osi nan Sion.
3 La, Li te [c] kase flèch dife yo,
boukliye ak nepe ak zam lagè yo.
4 Ou manyifik, pi majeste pase mòn
ak bèt lachas yo.
5 Sila ak [d] gran kouraj yo te piyaje,
yo te fonse tonbe nan dòmi mò a.
Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo.
6 Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob,
ni [e] chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.
7 Ou menm, Ou merite lakrent.
Se [f] kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache?
8 Ou te fè jijman tande soti nan syèl la.
Latè te [g] krent, e te kanpe rete an plas
9 lè Bondye te leve nan jijman an,
pou sove tout enb sou latè yo.
Tan
10 Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa.
Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.
11 [h] Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo.
Kite tout sila ki antoure Li yo
mennen don a Sila ki merite lakrent lan.
12 Li va koupe retire nanm a prens yo.
Wa latè yo [i] gen lakrent Li.

<- Sòm Yo 75Sòm Yo 77 ->