Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
75
Pou direktè koral la; pou jwe a melodi “Pa Detwi”
Yon Sòm Asaph, yon Chanson
1 Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye,
Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre.
Moun yo fè deklarasyon [a]zèv mèvèy Ou yo.
 
2 “Lè Mwen menm fikse yon tan ki apwente,
Mwen va [b]jije avèk jistis.
3 Latè avèk tout sa ki ladann souke.
Se Mwen menm ki kenbe pilye li yo.”
Tan
4 Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye!”
A mechan an: [c] “Pa leve kòn nan.
5 Pa leve kòn ou anwo.
[d] Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan.”
6 Paske ni sòti nan lès, ni nan lwès,
ni bò kote [e] dezè a,
kab gen fòs pou leve moun anwo;
7 Men Bondye se jij la.
Li [f] fè yon moun desann,
e li leve yon lòt fè l wo.
8 Paske gen yon tas nan men SENYÈ a,
e diven an ap kimen.
Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann.
Anverite, [g] tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.
 
9 Men pou mwen, mwen va [h] deklare sa, jis pou tout tan.
Mwen va chante lwanj a Bondye Jacob la.
10 Tout kòn a mechan yo, Mwen va koupe fè yo sòti nèt.
Men [i] kòn a moun ladwati yo va leve wo.

<- Sòm Yo 74Sòm Yo 76 ->