LIV 3
73
Yon Sòm Asaph
1 Anverite, Bondye bon a Israël,
a sila avèk kè ki [a] san tach yo!
2 Men pou mwen, [b] pye m te prèt pou glise tonbe,
Pa m yo te prèt pou chape.
3 Paske mwen te gen anvi awogan yo,
lè m te wè jan [c]mechan yo te byen reyisi.
4 Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.
5 Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun,
ni yo pa toumante tankou limanite.
6 Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl [d] kolye.
Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.
7 Zye yo anfle nan mitan [e] grès yo.
Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.
8 Yo [f] giyonnen moun.
Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun.
Yo pale konsi se anwo sa soti.
9 Nan bouch [g] yo rive nan syèl la,
pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.
10 Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo,
e yo kontinye bwè [h] gran sous yo nèt.
11 Yo di: “Kòman Bondye konnen?
Eske gen konesans kote Pi Wo a?”
12 Gade byen, sila yo se mechan yo ye.
Konsi, toujou [i] alèz, yo te agrandi richès yo.
13 Anverite, [j] se an ven mwen te kenbe kè m san tach,
ak lave men m nan inosans.
14 Paske mwen te twouble tout lajounen
e te resevwa [k] chatiman chak maten.
15 Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,”
gade byen, mwen ta trayi [l] jenerasyon pitit Ou yo.
16 Lè m te [m] reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.
17 Men jis lè m te antre nan sanktiyè Bondye a,
mwen te vin konprann jan yo ta [n] fini.
18 Anverite, Ou te mete yo kote ki [o] glise anpil.
Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.
19 Men kijan yo va [p] detwi nan yon enstan!
Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!
20 Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ,
lè Ou leve, Ou va [q] meprize pwòp fòm yo.
Ou va rayi rèv de lespri yo.
21 Lè kè m te vin anmè,
e kè m te [r]pike anndan m,
22 alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann.
Mwen te tankou yon [s]bèt devan Ou.
23 Sepandan, [t] mwen avè W tout tan.
Ou te kenbe men dwat mwen.
24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,
e apre, [u]resevwa mwen nan laglwa.
25 [v] Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?
Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.
26 [w] Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
27 Paske gade byen, sila ki lwen yo va [x] peri.
Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.
28 Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.
Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, [y]refij mwen,