Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
71
1 [a] Nan Ou, O SENYÈ, mwen te pran refij.
Pa janm kite mwen vin wont.
2 [b] Nan ladwati Ou, delivre mwen e fè m sekou.
Panche zòrèy Ou bò kote m e sove mwen.
3 Devni pou mwen wòch abitasyon mwen an,
kote mwen kab vini tout tan.
Ou te pase lòd pou sove mwen,
paske Ou se [c]wòch mwen ak sitadèl mwen.
4 [d] Delivre mwen, O Bondye mwen, nan men a mechan yo,
Fè m sòti nan ponyèt a malfektè a ak san pitye a,
5 Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye,
Ou se [e] konfyans mwen soti nan jenès mwen.
6 Pa Ou menm, mwen te twouve [f] soutyen depi lè m te fèt.
Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m.
Tout tan se Ou menm ke m louwe.
7 Mwen parèt kon yon [g] mèvèy pou anpil moun,
men se Ou ki fò refij mwen.
8 Bouch mwen plen avèk lwanj Ou
ak [h] glwa Ou tout lajounen.
9 Pa jete mwen akote nan [i] tan vyeyès mwen.
Pa abandone mwen lè fòs mwen vin febli.
10 Paske Lènmi m yo te pale kont mwen.
Sila k ap veye pou pran lavi m yo [j] ap pran konsèy ansanm,
11 Y ap di: [k] “Bondye fin abandone li.
Annou kouri dèyè l, e sezi li.
Paske nanpwen moun ki pou delivre l.”
12 O Bondye, [l] pa rete lwen mwen.
O Bondye m, fè vit a sekou mwen!
13 Kite sila ki advèsè a nanm mwen yo vin wont e manje nèt.
Kite yo kouvri avèk repwòch ak dezonè k ap [m]chache blese mwen.
14 Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m pou tout tan.
Mwen va [n]bay Ou lwanj plis toujou.
15 Bouch mwen va pale ladwati Ou,
ak sali Ou tout lajounen,
menmsi mwen [o]pa kab fin konnen
fòs valè tout jou sa yo.
16 Mwen va vini ak zèv pwisan SENYÈ Bondye a.
Mwen va [p]pale ladwati Ou, sèl de Ou menm.
17 O Bondye, Ou [q] te enstwi mwen depi jenès mwen.
Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.
18 Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m,
jiskaske mwen fin [r]deklare fòs Ou a jenerasyon sila a,
ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo.
19 Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo.
Ou menm ki te fè gwo bagay yo.
O Bondye, se [s]kilès ki tankou Ou menm?
20 Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm,
va fè m viv.
Ou va mennen mwen monte soti nan [t]fon tè yo.
21 Ke Ou fè lonè mwen vin plis e vire ban m konsolasyon ankò.
22 Konsa, mwen va louwe Ou avèk ap la pou fidelite Ou, O Bondye mwen.
A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita,
O [u]Sila Ki Sen an Israël la.
23 Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen chante lwanj a Ou menm
pou [v] nanm mwen ke Ou te rachte a.
24 Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen.
Paske yo wont, yo imilye,
Sila ki te chache fè m mal yo.

<- Sòm Yo 70Sòm Yo 72 ->