Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
65
Pou direktè koral la; yon Sòm David. Yon chan.
1 Se lwanj k ap tan Ou, O Bondye nan Sion.
Ve yo va fèt anvè Ou.
2 O Ou menm ki tande priyè yo,
a Ou menm [a]tout moun vini.
3 Inikite m t ap kanpe kont mwen;
men pou transgresyon nou yo,
Ou kouvri yo.
4 A la [b] beni se sila ke Ou chwazi a e mennen toupre,
pou l ka rete nan lakou Ou.
Nou va satisfè ak tout bagay ki bon lakay Ou,
sen tanp Ou a.
5 Avèk [c] zèv mèvèy e dwat, Ou reponn nou,
O Bondye sali nou an.
Se Ou menm ki espwa tout pwen latè a,
jis rive nan lanmè pi lwen an.
6 Ki etabli mòn yo pa pwisans Ou,
Akoz Ou [d]pran zam pwisans Ou.
7 Ou kalme raj vag lanmè yo,
Avèk gwo boulvèsman lanm yo.
8 Sila ki rete jis nan [e] dènye pwent latè yo
kanpe byen etone a mèvèy Ou yo.
Ou fè maten avèk aswè kriye ak jwa.
9 Ou vizite tè a e fè li gen abondans.
Ou anrichi li anpil.
Flèv Bondye a plen ak dlo.
Ou prepare sereyal yo, paske se konsa ou oganizè l.
10 Ou wouze tranch li yo an abondans.
Ou fè do li vin poze.
Ou fè l vin mou [f] ak lapli an abondans;
Ou beni kwasans plant li.
11 Ou te kouwone ane a avèk [g] bonte Ou.
Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la.
12 [h] Patiraj nan dezè yo gen abondans,
Epi kolin yo mare senti yo ak jwa.
13 Chan yo [i] abiye menm ak bann mouton.
Vale yo fin ranpli ak sereyal.
Yo rele fò ak lajwa!
Konsa, yo chante.

<- Sòm Yo 64Sòm Yo 66 ->