Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
64
Pou direktè koral la. Yon Sòm David.
1 Tande vwa m, O Bondye nan plent mwen an.
[a]Konsève lavi m kont laperèz lènmi an.
2 Pwoteje m kont konsèy sekrè a malfektè yo,
kont boulvèsman a [b]sila ki fè mechanste yo.
3 Ki te file lang yo tankou nepe.
Yo te pwente flèch pawòl anmè yo,
4 pou tire an kachèt sou sila ki inosan yo.
Sibitman yo tire sou li, san lakrent.
5 Yo kenbe fèm a pwòp desen mechan yo.
Yo pale sou [c] pyèj ke y ap fòme an sekrè yo.
Yo di: “Se kilès ki kab wè yo?”
6 Yo fè manèv pou enjistis e di:
“Nou prè pou yon konplo byen fòme”.
Paske panse lenteryè a moun se byen fon.
7 Men [d] Bondye va tire sou yo avèk yon flèch.
Sibitman, yo va blese.
8 Konsa, yo va [e] chape tonbe.
Pwòp lang pa yo va kont yo.
Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.
9 Nan moman sa a, tout moun va krent.
Konsa, yo va [f] deklare zèv Bondye yo.
Ak sajès yo va konsidere sa Li te fè a.
10 Nonm ladwati a va [g] kontan nan SENYÈ a!
Yo va pran refij nan Li,
epi tout moun dwat yo va fè kè kontan.

<- Sòm Yo 63Sòm Yo 65 ->