60
Pou direktè koral la; selon melodi “Lis Akò La”.
Yon powèm David, pou enstwi; lè l te lite avèk Aram-Naharaim e avèk Aram-Zobah; epi, Joab te retounen e te frape douz-mil Edomit nan Vale Sèl la.
1 O Bondye, [a] Ou te rejte nou.
Ou te kraze nou.
Ou te fache.
O restore nou ankò.
2 Ou te fè [b] latè tranble.
Ou te fann li pou l ouvri.
Geri brèch li yo, paske l ap sekwe.
3 Ou te [c] fè pèp Ou a wè anpil bagay di.
Ou te bay nou diven pou bwè ki fè nou toudi.
4 Ou te bay yon drapo pou sila ki gen lakrent Ou yo,
pou fè l byen parèt akoz verite a.
Tan
5 Pou [d] byeneme Ou yo kab delivre,
Sove avèk men dwat Ou e reponn nou!
6 Bondye te pale nan sentete Li:
“Mwen va triyonfe!
Mwen va divize Sichem
e tire yon lin nan vale [e]Succoth la.
7 Galaad se pou Mwen e Manassé se pa M.
Anplis, Éphraïm se kas sou tèt Mwen.
Juda se [f]baton wayal Mwen an.
8 Moab se basen lave Mwen.
Sou [g]Edom, Mwen va jete soulye Mwen.
Mwen rele viktwa sou peye Filisten yo.”
9 Kilès k ap fè m rive nan vil fòterès la?
Kilès k ap mennen mwen antre Edom?
10 Èske Ou menm, SENYÈ a, pa t [h] rejte nou?
Epi èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?
11 O bannou sekou kont advèsè a,
paske delivrans pa lòm se an ven.
12 Nan Bondye, nou va fè bèl bagay yo ak gwo kouraj.