Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
57
Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth
Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la
1 Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,
paske nanm mwen kache nan Ou.
Wi, nan [a]lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,
jiskaske destriksyon an fin pase.
2 Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a,
a Bondye ki [b]acheve tout sa m mande an.
3 Li va [c]voye sòti nan syèl la pou sove mwen.
Li fè repwòch a sila ki foule mwen an.
Tan
Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.
4 Nanm mwen rete pami [d]lyon yo.
Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo.
Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file,
epi lang yo kon yon epe file.
5 [e]Leve anwo syèl yo, O Bondye;
Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!
 
6 Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo;
Nanm mwen koube ba.
Yo te [f]fouye yon fòs devan m.
Yo te tonbe nan mitan li.
Tan
7 [g]Kè m kanpe fèm, O Bondye,
kè m fèm.
Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!
8 Leve, [h]glwa mwen! Leve ap avèk gita!
Mwen va fè maten vin leve.
9 [i]Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.
Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.
10 Paske [j]lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,
epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.
11 [k]Leve anwo syèl yo, O Bondye.
Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.

<- Sòm Yo 56Sòm Yo 58 ->