43
1 [a]Deklare m inosan, O Bondye mwen!
Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl.
O delivre mwen soti nan men
a lezòm mantè e enjis yo!
2 Paske Ou se Bondye fòs mwen an.
Poukisa Ou rejte m?
Poukisa mwen [b]fè dèy akoz opresyon a lènmi an?
3 Voye [c]limyè Ou deyò avèk verite Ou;
kite yo mennen mwen.
Kite yo mennen m nan mòn sen Ou an ak kote Ou abite yo.
4 Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a,
Bondye [d]lajwa m ki depase limit lan.
Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj,
O Bondye, Bondye mwen an.
5 [e]Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?
E poukisa ou twouble anndan m?
Mete espwa ou nan Bondye!
Paske m ap louwe Li ankò:
O sove m, soutyen mwen an,