39
Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David
1 Mwen te di, mwen va veye chemen mwen,
pou m pa [a]fè peche ak lang mwen.
Mwen va veye bouch mwen,
konsi li gen yon brid ladann
toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.
2 Mwen te [b]tankou bèbè e mwen te rete an silans.
Mwen te evite menm sa ki ta kab bon.
Konsa, tristès mwen te vin pi mal.
3 [c]Kè m te cho anndan m.
Pandan mwen t ap reflechi dife a t ap brile.
Konsa, mwen te pale ak lang mwen:
4 SENYÈ, fè m konnen [d]longè a jou mwen yo.
Fè m konnen ke m fèb anpil.
5 Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole
tankou lajè a men m ki louvri.
Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.
Anverite, lavi chak moun, [e]se yon sèl grenn souf.
6 Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj.
[f]Anverite, yo fè gwo zen pou ryen.
Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.
7 Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan?
[g]Espwa m se nan Ou.
8 [h]Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo.
Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.
9 Mwen tounen tibebe.
Mwen pa ouvri bouch mwen,
akoz se [i]Ou ki te fè sa.
10 [j]Rete touman Ou sou mwen.
Kou men Ou venk mwen.
M ap peri.
11 Avèk repwòch, Ou fè chatiman
a yon nonm pou inikite li.
Ou [k]manje tankou mit nan rad sa ki konsidere
pi chè pou li menm nan.
Anverite, tout moun se sèlman yon souf.
12 Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e
prete zòrèy Ou a kri mwen.
Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m.
Paske mwen se yon etranje devan Ou,
yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.
13 [l]Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò,