Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
38
Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab
1 O SENYÈ, [a]pa repwoche mwen nan kòlè Ou,
ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.
2 Paske [b]flèch Ou yo fin antre fon anndan m,
epi men Ou fin peze m.
3 [c]Nanpwen anyen ki ansante nan chè m,
akoz endiyasyon Ou.
Nanpwen lasante nan zo m yo
akoz peche mwen.
4 Paske [d]inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen.
Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.
5 Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz [e]foli mwen.
6 Mwen fin koube nèt e [f]bese anpil.
Mwen ap fè doulè tout lajounen.
7 Paske ren mwen plen ak [g]brile.
Nanpwen anyen ansante nan chè m.
8 Mwen [h]pa kab santi anyen ankò.
Mwen fin kraze nèt.
Vwa m plenyen akoz kè m ajite.
9 SENYÈ, tout volonte m devan Ou.
Tout [i]plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.
10 Kè m bat fò, [j]fòs mwen kite m.
Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.
11 Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo
kanpe nan distans akoz touman m.
Fanmi m yo [k]kanpe byen lwen.
12 Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen.
Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon.
Y ap manniganse trayizon tout lajounen.
13 Men mwen menm, tankou yon moun mouri,
mwen pa tande;
Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li.
14 Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande.
E nan bouch mwen, pa gen repons.
15 Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ.
Ou [l]va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an.
16 Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen.
Pou lè pye m chape, pou yo [m]ta vante tèt yo kont mwen.”
17 Paske mwen prèt pou tonbe.
[n]Tristès mwen devan m tout tan.
18 Konsa, mwen konfese inikite mwen.
Mwen ranpli avèk [o]regrè akoz peche m.
19 Men lènmi m yo plen kouraj e fò.
Yo anpil ki [p]rayi mwen san koz.
20 Sila ki remèt mal pou byen yo
se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.
21 Pa abandone m, O SENYÈ.
O Bondye m nan, [q]pa rete lwen m!
22 Fè vit pou ede mwen,
O SENYÈ, delivrans mwen an!

<- Sòm Yo 37Sòm Yo 39 ->