37
Yon Sòm David
1 Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin [a]pote lanvi pou malfektè yo.
2 Paske yo va [b]fennen vit tankou zèb chan,
e disparèt tankou zèb ki vèt.
3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.
[c]Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.
Konsa, Li va [d]bay ou tout dezi a kè ou.
5 [e]Dedye chemen ou a SENYÈ a.
Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:
6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,
Ak jijman ou klere [f]kon midi.
7 Pran repo nan SENYÈ a, e [g]tann Li ak pasyans;
Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,
Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.
Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste
9 Konsa, [h]malfektè yo va koupe retire nèt,
men sila k ap tann SENYÈ yo,
va vin genyen peyi a kon eritaj yo.
10 Men yon [i]ti tan ankò, mechan an va disparèt.
Ou va chache avèk atansyon plas li,
men li p ap egziste.
11 Konsa, [j]enb yo va fè eritaj peyi a.
Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.
12 Mechan an [k]fè konplo kont sila ki dwat yo.
Li manje dan l sou li.
13 SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke [l]jou li a ap rive.
14 Mechan yo rale nepe e [m]koube banza yo,
pou jete aflije yo avèk malere a,
pou touye sila ki dwat nan kondwit yo.
15 Nepe yo va antre nan pwòp kè yo.
[n]Banza yo ap kase.
16 [o]Pi bon se ti kras a moun dwat yo,
pase abondans anpil a mechan yo.
17 Paske bra a mechan yo va kase,
men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo.
18 SENYÈ a [p]konnen jou a sila ki dwat yo.
Eritaj yo va dire jis pou tout tan.
19 Yo p ap wont nan move tan.
Nan [q]jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.
20 Men mechan yo va peri.
Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo.
Yo va vin disparèt.
Tankou [r]lafimen,
yo ale nèt.
21 Mechan an prete, men li pa remèt,
men moun dwat la [s]ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.
22 Paske sila ke Bondye beni yo, va [t]eritye peyi a,
men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.
23 [u]Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a.
Konsa, Li pran plezi nan chemen li.
24 Lè [v]li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt,
paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.
25 Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun,
men [w]mwen poko wè moun dwat ki abandone,
ni desandan li yo k ap mande pen.
26 Tout lajounen, [x] moun dwat la
plen ak gras pou prete moun.
Desandan li yo se yon benediksyon.
27 Kite mal e fè sa ki bon,
pou ou kab viv [y]jis pou tout tan.
28 Paske SENYÈ a renmen jistis,
e li pa abandone fidèl li yo.
Yo prezève pou tout tan,
men mechan yo va vin koupe retire nèt.
29 Moun ladwati yo va [z]eritye peyi a,
pou viv ladann pou tout tan.
30 Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès,
epi lang li va [aa]pale jistis.
31 [bb]Lalwa Bondye nan kè li.
Pa li yo pa janm glise.
32 Mechan an ap veye dwat la
pou [cc]chache touye li.
33 SENYÈ a p ap kite l lantre nan men li,
ni [dd]kite li kondane lè li jije.
34 Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an.
Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a.
Lè [ee]mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.
35 Mwen konn [ff]wè yon nonm mechan e vyolan
Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li.
36 Konsa, li mouri nèt, e vwala, li [gg]pa t la ankò.
Mwen te chache li, men li pa t kab twouve.
37 Byen remake nonm san tò a,
epi gade byen nonm ladwati a,
paske nonm lapè a va gen [hh]posterite.
38 Men pechè a va detwi nèt.
Posterite a mechan an va [ii]koupe retire nèt.
39 Men [jj]delivrans a moun dwat yo soti nan SENYÈ a.
Se Li menm ki fòs yo nan tan twoub la.
40 SENYÈ a ede yo e delivre yo.
Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo.
Li sove yo, akoz se nan Li ke yo [kk]kache.
<- Sòm Yo 36Sòm Yo 38 ->
- a Sòm 73:3
- b Job 14:2
- c Éz 34:13-14
- d Sòm 145:19
- e Pwov 16:3
- f Job 11:17
- g Sòm 40:1
- h Sòm 37:2-22
- i Job 24:24
- j Mat 5:5
- k Sòm 31:13-20
- l I Sam 26:10
- m Lam 2:4
- n I Sam 2:4
- o Pwov 15:16
- p Sòm 1:6
- q Job 5:20
- r Sòm 68:2
- s Sòm 112:5-9
- t Pwov 3:33
- u I Sam 2:9
- v Pwov 24:15
- w Eb 13:5
- x Det 15:8
- y Sòm 102:28
- z Sòm 37:9
- aa Sòm 119:13
- bb Det 6:6
- cc Sòm 37:14
- dd Sòm 34:22
- ee Sòm 52:5-6
- ff Job 5:3
- gg Job 20:5
- hh És 57:1-2
- ii Sòm 37:9
- jj Sòm 3:8
- kk I Kwo 5:20