Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
34
Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati.
1 Mwen va [a]beni SENYÈ a nan tout tan.
Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.
2 Nanm mwen va [b]fè glwa li nan SENYÈ a.
Enb yo va tande l, e yo va rejwi.
3 O leve SENYÈ a byen wo avè m.
Annou [c]leve non L wo ansanm.
4 Mwen te [d]chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,
epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
5 Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.
Figi yo [e]p ap janm wont.
6 Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li,
epi [f]te sove li sòti nan tout twoub li yo.
7 [g]Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,
epi li sove yo nan gwo twoub.
8 O goute e wè ke Bondye bon.
A la beni nonm [h]ki kache nan Li a beni!
9 Krent SENYÈ a, O nou menm ki [i]sen Li yo.
Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.
10 Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou,
men sila ki chache SENYÈ yo,
[j]p ap manke okenn bon bagay.
 
11 Vini, pitit, koute mwen.
Mwen va enstwi ou nan [k]lakrent SENYÈ a.
12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen
jou li yo pou li kapab [l]wè sa ki bon?
13 Kenbe [m]lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.
[n]Chache lapè e fè efò pou twouve li.
15 [o]Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.
Zòrèy Li koute kri yo.
16 Figi SENYÈ a kont malfektè yo,
pou [p]efase memwa yo sou tè a.
17 [q]Moun dwat kriye.
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki [r]kraze nan lespri yo.
19 Anpil, se [s]afliksyon a moun dwat la,
men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
20 Li konsève tout zo li yo.
[t]Pa menm youn nan yo va kase.
21 Se [u]mechanste ki va touye mechan an.
Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.
22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.
P ap gen nan sila ki [v]kache nan Li yo
k ap kondane.

<- Sòm Yo 33Sòm Yo 35 ->