33
1 Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!
Lwanj [a]bèl lè l sòti nan moun ki dwat.
2 [b]Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.
Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.
3 Chante a Li menm yon chan tounèf.
Jwe ak kapasite e fò avèk yon [c]gwo kri lajwa.
4 Paske pawòl SENYÈ a dwat.
Tout zèv Li yo fèt [d]avèk fidelite.
5 Li [e]renmen ladwati avèk jistis.
Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.
6 Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:
pa souf a bouch Li, [f]tout lame syèl yo.
7 Li ranmase tout [g]dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil.
Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.
8 Kite [h]tout latè krent SENYÈ a.
Kite tout sila ki rete nan mond lan
kanpe etone nèt pa Li menm.
9 Paske [i]Li te pale e mond lan te fèt.
Li te kòmande e li te kanpe fèm.
10 SENYÈ a [j]ranvèse konsèy a nasyon yo.
Li anile pwojè a pèp yo.
11 [k]Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,
e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.
12 Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,
13 pèp ke Li te [l]chwazi pou pwòp eritaj Li a.
SENYÈ a [m]gade depi nan syèl la.
Li wè tout fis a lòm yo.
14 Soti nan [n]abitasyon Li an,
Li veye sou tout sila ki rete sou latè yo.
15 Li menm ki [o]fòme kè a yo tout,
Li menm ki konprann tout zèv yo.
16 [p]Wa a pa sove pa yon lame pwisan.
Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.
17 Yon cheval se yon [q]fo espwa pou viktwa a,
ni li p ap delivre pèsòn ak pwisans li.
18 Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,
sou sila ki [r]mete espwa yo nan lanmou dous Li a,
19 pou [s]delivre nanm pa yo devan lanmò,
e kenbe yo vivan nan gwo grangou.
20 Nanm nou [t]ap tann SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.
21 Paske [u]kè nou rejwi nan Li, akoz
nou mete konfyans nou nan sen non Li.
22 Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou,