3
Yon Sòm a David lè l te sove ale devan Absalom, fis li a
1 O SENYÈ, gade kijan [a]lènmi mwen
yo ap miltipliye;
Anpil moun leve kont mwen.
2 Anpil moun pale de nanm mwen,
“Nanpwen [b]delivrans pou li nan Bondye.”
Tan
3 Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen,
glwa mwen, ak Sila ki [c]fè tèt mwen leve a.
4 Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen;
Li te [d]reponn mwen soti nan mòn sen Li an
Tan
5 Mwen [e]te kouche e dòmi;
mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.
6 Mwen p ap pè menm dè milye de moun
ki ta [f]pran pozisyon kont mwen de tout kote.
7 Leve, O SENYÈ!
Sove mwen, O Bondye mwen!
Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo.
Ou te [g]kraze dan a mechan yo.
8 [h]Delivrans se nan SENYÈ a.