26
Yon sòm David
1 Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen.
Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.
2 Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv.
[a]Sonde panse mwen avèk kè m.
3 Paske lanmou dous Ou a devan zye m.
Mwen [b]te mache nan verite Ou.
4 Mwen pa [c]chita avèk mesye k ap twonpe moun yo.
Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran poz yo.
5 Mwen rayi asanble malfektè yo, e
mwen pa chita avèk mechan yo.
6 Mwen va lave men m nan inosans, e
mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,
7 pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a,
e deklare tout mèvèy Ou yo.
8 O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou,
avèk kote ke [d]glwa Ou rete a.
9 Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo,
ni lavi m avèk [e]mesye ki vèse san yo,
10 nan men a sila ki gen manèv mechan yo,
ki nan mechanste pote [f]kado vèse anba tab yo.
11 Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen.
[g]Delivre mwen e fè m gras.
12 Pye m kanpe sou yon plas byen plat.