Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
24
Yon sòm David
1 Tè a se pou SENYÈ a, avèk [a]tout sa ki ladann;
lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
2 Li te [b]fonde li sou lanmè yo,
e te etabli li sou rivyè yo.
 
3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?
Epi kilès ki kab kanpe nan [c]lye sen pa Li an?
4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,
ki pa [d]leve nanm li vè sa ki fo,
ni ki pa fè fo temwayaj.
5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,
ak [e]ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
6 Sa se jenerasyon a sila k ap [f]chache Li yo,
ka p chache figi Ou—menm Jacob.
Tan
 
7 Leve wo lento ou yo, o pòtay yo!
Leve wo, o pòt ansyen yo!
Pou Wa [g]glwa la kapab antre!
8 Se kilès ki Wa a glwa a?
SENYÈ fò e pwisan an,
SENYÈ a [h]pwisan nan batay la.
9 Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo!
Leve wo, O pòt ansyen yo!
Pou Wa [i]glwa la kapab antre!
10 Se kilès ki Wa glwa a?
SENYÈ dèzame [j] yo!
Se Li menm ki Wa glwa a.
Tan.